← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

12. Pandan lannuit, lè Bèjè yo

1. Pandan lannuit, lè Bèjè yo T ap pran swen mouton yo, Zanj Senyè a vini desann, Glwa l briye toupatou, Li di: “pa pè ” paske yo tout Te tranble, tou sezi, "Mwen pote bòn nouvèl ban nou Pou nou ak pou tout moun. " 2. Nan lavil David, jodi a, Yon pitit vini fèt, Se li ki Kris, Sovè, Senyè, Men ki siy m a ban nou: Nou va byen jwenn pitit syèl la, Li la devan je moun, Vlope nan yon rad òdinè, E kouche nan yon krèch. 3. Lè zanj lan te pale konsa, Yon foul parèt tousuit, Se te lame zanj yo nan syèl Pou chante kantik sa a: Tout glwa pou Bondye nan syèl la, Kè poze sou latè, Pou moun ki gen bòn volonte, Kè poze pou tout moun.