← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

111. An nou travay pou le Senyè a

1. An nou travay pou le Senyè a Avan solèy la kouche Pou n anonse bòn nouvèl li toupatou, E lè Jezi va tounen pou Chèche tout fidèl li yo, Lè lapèl la fèt nan Syèl la nou va la. Kè Lè lapèl la fèt nan Syèl la (4 fwa) Nou va la. 2. Nou pa gen pou n dekouraje Malgre chemen difisil, E tristès pa p fè nou mache tèt anba. Pandan n ape tann Senyè a Ki va parèt anlè a, Lè lapèl la fèt nan syèl la nou va la. Kè Lè lapèl la fèt nan Syèl la (4 fwa) Nou va la. 3. Gen anpil mouton ki pèdi Ki egare nan peche; Yo pa konnen si nou Gen yon bon Bèje. Annou chèche yo pou Jezi Fè yo antre nan pak li, Lè lapèl la fèt nan Syèl la, yo dwe la. Kè Lè lapèl la fèt nan Syèl la (4 fwa) Nou va la.