114. Chè Senyè, kenbe men m, ede mwen rete fèm
1.
Chè Senyè, kenbe men m, ede mwen rete fèm
Mwen bouke, m fatige, tèlman.
Nan loraj, nan fènwa, klere wout la devan m ;
Kenbe men m, chè Senyè, fè m rive
2.
Lè chemen m difisil, e m bezwen ou anpil
Senyè, rete la tou pre mwen.
Lè mwen prèt pou ale, ede m pou m pa bite,
Kenbe men m, chè Senyè, fè m rive.
3.
Lè solèy la kouche, e nwit la ap pwoche,
E tout lavi mwen va fini,
Ede m pa gen regrè, nan ou sèl mwen konfye m,
Kenbe men m, chè Senyè, fè m rive.