119. O Senyè, nou pote remèsiman
1.
O Senyè, nou pote remèsiman
Pou byenfè ou ki anpil:
Ou fè tè Dayiti a trè fètil
Pou pa jan m manke manje.
O Bon Papa! (2 fwa)
Pitit ou yo ba ou glwa!
Alelouya!
2.
O gade ki byenfè Bondye ban nou:
Nou jwenn rekòlt san konprann
Sa k pase nan pye kafe, pwa, bannann,
Nan pye flè nou wè patou.
Ala mèvèy! (2 fwa)
Ala Bondye Bon Papa!
Alelouya!
3.
Bondye di: Pen sèl pa ka bay lavi.
Yon lè nou p ap manje bwè.
Li vle pran swen nou isit sou latè
Pou nou viv nan Jezikri.
O pran kè nou! (2 fwa)
Bon Papa ki renmen
Alelouya!