← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

121. Premye Nwèl zanj la te pale

1. Premye Nwèl zanj la te pale Bèje yo nan plèn kote yo rete, Nan plèn kote yo gade mouton, Yon nwit fredi ki te fè nwa. Kè Nwèl, Nwèl, Nwèl, Nwèl Jezi te fèt Wa Izrayèl. 2. Yo gade syèl la e yo wè Yon foul bèl zanj yo ki t ape chante: Tout glwa pou Bondye ki nan syèl la E sou latè lapè e bòn volonte. 3. Avèk limyè yon bèl zetwal, Kèk maj te soti nan yon peyi byen lwen, Ak entansyon pou yo chèche yon Wa, E yo swiv zetwal la kote li ale. 4. Zetwal la mache tout lannwit, Rive Bètleyèm, li pa kontinye. Li rete la e li poze Tou jis kote Jezi te kouche. 5. Alò, maj sa yo vini pou antre, Ak gran respè yo mete ajenou, E yo ofri li tout sa yo pote: Anpil lò, lami, ak lansan. 6. Nou menm tou se pou nou mete ansanm Pou chante louwanj Senyè nou ki nan Syèl, Ki pa t bezwen anyen pou fè syèl ak tè E ki vini pou sove nou.