← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

126. Depi tan lontan Bondye

1. Depi tan lontan Bondye Te pwomèt nou Jezikri. Jou Nwèl, yon jou laglwa, Li te vin bay tout moun jwa. Kè Men, bèl jou sa a rive, Jou nou wè Jezi vini. Chante toupatou sou tè. Jezi fèt nan Bètleyèm! 2. Bèje, di nou li, tanpri, Ki nouvèl nou gen pou nou? Pouki nou vini isit, Kite twoupo yo nan mòn? 3. Lè nou veye nan lannwit, Men! Nou wè yon bèl limyè! Zanj yo vini chante, ap di: Sovè a vin sou tè. 4. O Jezi, ki lanmou sa a Te fè ou vini desann, Kite Syèl la, lakay ou, Pou rete pami lèzòm? 5. Senyè Jezi, fè nou wè Yon si bèl dousè nan ou, Kè nou gen yon gwo dezi Pou sanble ou plis chak jou.