← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

129. Yon fwa wout mwen te gen tristès

1. Yon fwa wout mwen te gen tristès, Paske kè m te plen peche. Kounye a mwen pa nan detrès, Depi Jezi te antre nan kè m. Kè M pa ka di konbyen mwen renmen Jezi M pa ka di konbyen li renmen mwen; Paske lanmou li san mezi E pwofondè li san fen. Jezikri te rachte mwen ak san li, E lajwa nan nanm mwen antre, M ap viv sèlman pou Sovè a Depi Jezi te antre nan kè m. 2. Gen gras pou moun ki soumèt yo, Gras pou chak moun ki sove, Genyen pisans pou fè kè m pwòp Depi Jezi te antre nan kè m. 3. Lese m bay moun Levanjil la, Jwenn lèzòt pou Jezikri; Lakwa Jezi, mwen vle pote Jouktan mwen va fin travay pou li.