131. Ogmante dezi mwen pou ou
1.
Ogmante dezi mwen pou ou,
E louvri kè m, Senyè;
Pou m kapab ranpli ak Lespri ou;
Pou m konnen sa ou vle pou m fè.
Fè lafwa m vini pi gran,
Fè li gen yon bèl kapasite.
Alò, ranpli nanm mwen pou toujou
Ak tout richès ki nan ou.