← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

132. Mwen te pèdi nan vye peche

1. Mwen te pèdi nan vye peche Mwen t ale lwen Bondye. Depi Jezi te vin jwenn mwen, Se Li k ap viv nan mwen. Kè Jezi viv nan mwen, (2 fwa) Ala bèl bagay pou mwen! Jezi ap viv nan mwen. 2. Menm jan solèy la bay lavi Tout flè yo sou latè, Jezikri se solèy pou mwen, Se li ki ban m lavi. 3. Mwen vle, Senyè, e se dezi m Avan tout lòt bagay, Viv lavi ki nan ou, Senyè, Toutan w ap viv nan mwen.