← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

133. Annou chante ak tout kè

1. Annou chante ak tout kè, Glwa pou Bondye, kreyatè. Kè Bonte li se pou toujou; Li fidèl, li plen lanmou. 2. Annou anonse non li, Wi, se li sèl Bondye. 3. Se li ki fè solèy la Pou bay tout moun bèl limyè. 4. Bèt ak moun konte sou li, E li ba yo tout manje. 5. Li beni pèp li chwazi Nan dezè bò Sinayi. 6. Li genyen pitye pou nou, Nan mizè ak feblès tou. 7. Annou chante ak tout kè: Glwa pou Bondye, kreyatè.