134. Amou Kris chante pou tout moun tande
1.
Amou Kris chante pou tout moun tande
Preche nouvèl sa nan tout kote;
Bondye a te voye sèl Pitit li,
Pou sa ki kwè nan li ka sove.
Kè
Amou li mèvèye pou mwen,
Amou li mèvèye pou mwen,
Jezi te si renmen m
jis li te mouri menm;
Amou li mèvèye pou mwen.
2.
Amou Bondye revele nan Jezi
Lè li te pre lanmè Galile,
Li te peye fot mwen sou bwa Kalvè,
Malgre li pa te janm fè peche.
3.
Amou Kris ki soulaje tout tristès,
Amou Kris se pwoteksyon nanm mwen,
Pran lavi m kenbe tout sa mwen genyen,
Men mwen, Jezi, se ou mwen renmen.