140. Toupatou sou latè genyen timoun
1.
Toupatou sou latè genyen timoun
K ap chante glwa pou Jezi ak tout kè.
Se li ki ba yo fòs ak lajwa tou,
Se li ki Sovè, Gid e Zanmi toulejou.
2.
Gwo lanmè a touche anpil peyi;
Nan tout peyi sa yo anpil timoun
Ap chante glwa pou Jezi, y ap louwe
Pou lanmou l ki antoure yo kon gwo lanmè.