← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

15. Mwen vle suiv Jezi jouk lafen

1. Mwen vle suiv Jezi jouk lafen Se li ki Senyè mwen! Mwen va pèsevere nan li; Sa, se lide m pou tout la vi; Lòt moun ka fè sa yo vle. Mwen deside pou m genyen lapè Mwen va mache avèk Jezikri, M a chèche fè volonte li. 2. Mwen konnen m kapab gen feblès, Lè m devan gran detrès. Men Jezi fe pwomès pou l ede Moun ki gen lafwa nan li. Jezi kenbe m ak de men. Nan gras li yon pechè ka vin sen. Tout konfyans mwen, se nan Jezi Konsa m a suiv li jouk lafen. 3. Tout moun ki vle suiv Jezikri Dwe konnen y ap soufri. Satan ka byen vle tante yo Pou fè yo suiv move chemen. Men se Jezikri ki mèt, Li te gen viktwa, li genyen l nèt. M a va mache avèk Jezikri, M a chèche fè volonte li.