141. Nanpwen anyen ant nanm mwen e Sovè m
1.
Nanpwen anyen ant nanm mwen e Sovè m
Anyen nan lemonn deprave sa a,
Mwen te renonse ak plezi lachè m,
Jezi pou mwen, pa gen baryè la.
Kè
Nanpwen anyen ant nanm mwen e Sovè m,
Pou anpeche m wè li fasafas;
Anyen pou detounen favè li anvè m,
Wete tout bòn! Pa gen baryè la.
2.
Nanpwen plezi monn sa a ant mwen ak Kris
Kounye a vis pa atire mwen
Yo pa ka separe m ak Sovè mwen
Jezi pou mwen, nanpwen baryè la.
3.
Malgre m a gen eprèv ki di petèt,
Malgre lemonn meprize lakwa;
M ap tann nan priyè jouk Senyè m parèt,
Se va triyonf, nanpwen baryè la.