← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

144. Vini pou chante

1. Vini pou chante Avèk jwa nan kè nou. Lè nou genyen jwa, Bondye, nou kontan tou. 2. Se Bondye ki fè Ti zwazo yo chante. Se li ki mete Lajwa nan kè nou tou. 3. Lè gen nyaj nan syèl, Lè loraj ap gwonde, Se pou nou sonje Tou sa gen pou fini. 4. Chante nan chemen Ann fè kè nou kontan. Chante jouk lafen, Tristès pa pou lontan.