27. Senyè Bondye ki papa nou
1.
Senyè Bondye ki papa nou
Ki renmen tout moun tou,
Padone nou pou peche nou,
Chanje lavi nou nèt ale
Fè nou pi sanble ou.
2.
Ede nou montre yon lafwa,
Kon moun yo ak lajwa,
Ki nan Galile te swiv vwa
Jezi, lè l ofri yo yon chwa:
Lafwa oubyen lalwa.
3.
Lage sou nou yon lawouze,
Gras Bondye pou kalme
Nanm tout moun sa yo ki twouble;
E ba yo tout trankilite,
Ak bon jan kè poze.
4.
Wete nan nou move dezi,
Ki pa fè ou plezi,
Ban nou frechè nou ka santi
Nan kè nou, e pale ak nou
Ak vwa Sentespri a.