← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

29. Mwen louvri kè mwen

1. Mwen louvri kè mwen Pou m resevwa ou. Jezi, Sovè mwen, Kè mwen bezwen ou; Mwen santi mwen sèl; Kè mwen fatige; Viv ak ou ta bèl, Ou ka ban m lapè. 2. Mwen louvri lespri m, Pou m resevwa ou. Jezikri, Senyè m, Rete la toujou. Vini gouvène, Gide tout bagay. Pou dirije m byen M a suiv lòd ou bay. 3. Mwen louvri nanm mwen Pou resevwa ou. Bon redanmtè mwen Kò mwen pou ou tou. Pou mwen, lavi Pa manke anyen; Pou mwen ou mouri Pran kò m, vi m, nanm mwen,