← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

4. Yon vi pou Jezi bay lapè

1. Yon vi pou Jezi bay lapè Kon yon rivyè ki pa rete Difikilte yo konn vini Men Jezi la, e sa sifi. Kè Ede m sèvi ou plis chak jou, Pou m rete toujou avèk Ou; M renmen Ou Kris pi plis ke chak jou; Pa kite mwen ale lwen ou. 2. Yon vi pou Jezi bay repo, Li wete nan mwen sa ki fo; Pawòl li se laverite; L a gide m pou letènite. 3. Yon vi pou Jezi bay lajwa Paske mwen sove pa lafwa; Zanmi yo mèt abandone m, Jezi fidèl, Li va kinbe m. 4. Yon vi pou Jezi bay viktwa Avèk li m mache pazapa; Kris te venk dyab, lemonn, lachè; Kounye a mwen pa bezwen pè.