← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

41. Jezu se nan prezans ou nanm mwen pran plezi

1. Jezi se nan prezans ou nanm mwen pran plezi. Ou konsole m nan gran tristès. Ou se jwa m lajounen, e chan mwen lannwit. Ou ban m espwa, se yon richès. 2. Bon Bèje, kote ou gade mouton ou Pou ba yo patiraj lanmou? Poukisa mwen kriye nan santye lanmò Ou rete nan dezè a san ou? 3. Tanpri pa kite m drive isit san ou Ap kriye nan dezè pou pen. Detrès mwen ta yon lajwa pou lènmi ou E yo ta rejwi nan penn mwen. 4. Lè l gade genyen dimil zanj k ap rejwi, E anpil ap tann pawòl li. Lè l pale tout letènite anvayi Avèk louwanj pou Jezikri. 5. Bon Bèje, mwen tande epi m ap swiv ou M ap mache ak ou pa lafwa. Kenbe m e defann mwen, mwen toujou pou ou E nan ou m ap toujou an jwa.