← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

42. M ap gade w ak lafwa

1. M ap gade w ak lafwa, Mouton Bondye sou kwa a, Sovè si bon. Koute mwen lè m priye, Lave m paske m peche; Depi jodi a m vle Pou m pou ou nèt. 2. Ban m gras pou m pa fayi ; Fòs kè mwen ap febli De tanzantan. Kòm ou mouri pou mwen, Ou gen lanmou pou mwen Se Pou w rete tou tan Yon flanm vivan. 3. Tenèb kouvri chemen m, Doulè nan tout kò mwen; Gid mwen se ou. Fè fènwa vi n limyè; Wete kriye doulè, Pa janm lese m kite Bò kote ou.