← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

43. Jezi, kenbe m pre lakwa

1. Jezi, kenbe m pre lakwa; San ou te vèse la, Pou l kab pirifye tout nanm Ki ta plonje ladan. Kè Pre lakwa, pre lakwa, Mwen vle toujou rete, Jouk Jezi vini chache m Pou l ka ban mwen lajwa. 2. Pre lakwa, nanm mwen tranble; lanmou li te jwenn mwen, Lè limyè li te antre, Li te chanje kè mwen. 3. Pre lakwa, o Bon Sovè! Fè m sonje soufrans ou, Ede m mache byen chak jou Anba lonbraj Kalvè. 4. Pre lakwa m ape veye, Kwè, obeyi, priye, Jouk tan lè a va sonnen Pou l vin chache mwen.