← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

45. Non Jezi gen yon son si dou

1. Non Jezi gen yon son si dou! Li chase tristès nou. Non Li, se kou, yon gerizon, Pa gen yon pi bèl son! 2. Non Jezi kalme kè twouble, E lespri fatige. Li kou yon manje tèlman gou Pou nanm yo ki grangou. 3. Non Jezi se kou yon gwo wòch Li pa ka deplase, Li pwoteje m, li kache mwen, L a sove m jouk lafen. 4. Jezi sèvi pou mwen tankou Bèje e zanmi m tou, Se li ki chemen an, epi Laverite, lavi. 5. Mwen pa t ka fè anpil pou ou; Mwen fèb e piti tou; M ap di ou mèsi pou tout gras, Lè m wè Ou fas a fas. 6. Annatandan, mwen vle sèvi Ak tout souf mwen, pou di Tout pechè yo, se nan non ou Yo kapab sove tou.