← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

49. Lemonn vle mwen swiv plezi li

1. Lemonn vle mwen swiv plezi li, Men, m pito swiv Jezi; Lemonn pa ka ban mwen lavi, Mwen vle sanble Jezi. Kè Sanble Jezi, se dezi m, Lè mwen sèl ou pami moun; Sanble Jezi nan tout vi m, Mwen vle sanble Jezi. 2. Li te kraze chenn peche m yo; Mwen vle sanble Jezi; Pou nanm mwen ka sèvi l pi fò, Mwen vle sanble Jezi. Kè Sanble Jezi, se dezi m, Lè mwen sèl ou pami moun; Sanble Jezi nan tout vi m, Mwen vle sanble Jezi. 3. Mwen vle wè li nan Paradi Pami zanj avèk sen; Mwen vle tande bèl pawòl li Lè l di “Ou te fè byen.” Kè Sanble Jezi, se dezi m, Lè mwen sèl ou pami moun; Sanble Jezi nan tout vi m, Mwen vle sanble Jezi.