← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

6. Senyè, anyen m pa ka ba ou

1. Senyè, anyen m pa ka ba ou Sèl yon kè ki bouke soufri, E san ou mwen pa ka geri, Mizè mwen devan ou. Kè Pran mwen jan ou wè m nan, San fòs e san soutyen, Jan ou wè m nan (2 fwa) O Jezi, gran frè mwen 2. Mwen pa toujou obeyi ou, Peche kouvri m latètopye Lè pou m prezante devan ou Peche sèlman m pote. 3. Mwen fèb nan kè, mwen fèb nan chè, Pou m reziste devan satan; O Senyè mwen, mwen fèb tout tan M ap rele: ban m limyè. 4. San w ki koule a pirifye m, Sentespri ou va konsole m, Richès ou yo va anrichi m Men mwen! Vini sove m.