← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

53. Yon jou avan kouche solèy

1. Yon jou avan kouche solèy, Anpil malad te rete la Devan Jezi, nan gran doulè. Aprè, yo ale avèk jwa. Kè Yon fwa ankò, aswè a tou, Men nou pwoche bò Jezikri. Senyè si nou pa wè kò ou, Nou kwè ou isit an espri. 2. O Sovè, chase tout malè. Gen pami nou moun ki soufran, Gen lòt ki tris, ou nan mizè; Lòt k ap soufri nan men Satan. 3. Lemonn twonpe jènjan,jènfi, E yo rete ladan toujou! Gen moun ki gen move zanmi, Poutan yo pa vle vin jwenn ou! 4. Tout moun sa yo bezwen lapè, Sove anba bagay ki fo. Menn moun yo k ap swiv ou pi pre, Santi peche anndan kè yo! 5. O Sovè Kris, ou se moun tou. Lè, sou latè, ou te yon nonm, Ou te grangou ak tante tou. Ou konn sa ki nan kè lèzòm. 6. Men, ou toujou menm pisans, Pawòl ou genyen fòs toujou. Beni nou tou an abondans, E aswè a vin geri nou.