← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

54. Leve, nanm mwen ak solèy la

1. Leve, nanm mwen ak solèy la, Kòmanse tach ou jodi a. Premye bagay ou gen pou fè Se louwe Bondye ak tout kè. 2. Pinga ou gaspiye tan ou! Viv jodi a kou dènye jou; Anplwaye talan ou yo byen, Nou tout va jije a lafen. 3. Tout pawòl ou yo dwe sensè, Konsyans ou dwe toujou klè; Paske Bondye wè sa w ap fè, Li konn tout panse nan tout kè. 4. Kè mwen, se pou ou leve tou, Tout zanj yo va chante ak ou. Yo menm, yo pa p janm fatige Louwe, beni, sèvi Bondye. 5. Bondye, mwen vle di ou mèsi Ou te pwoteje m lè m dòmi, Lè mwen dòmi pou dènye fwa Fè m leve devan ou ak jwa. 6. Mwen vle remèt mwen nan men ou, Netwaye kè m ak lespri m tou. Gide volonte mwen chak jou E ranpli mwen ak Lespri ou. 7. Gide m, Senye m vle ou kondwi m Nan sa m ap pou panse, fè, ou di. Pou tout fòs mwen kapab sèvi Pou laglwa ou, Senyè Jezi. 8. Beni Bondye ki renmen nou, Beni li tout moun tou patou. Ak zanj nan syèl yo ann beni Papa, Pitit e Sentespri.