7. Jezikri se sèl esperans
1.
Jezikri se sèl esperans,
Se li sèl ki bay asirans,
Li se soutyen m li se fòs mwen
E mwen p ap rete nan chemen
Kè
Jezi se ou ki delivre m;
Se ou, Sovè m, k ape kenbe m (2 fwa)
2.
Okenn lòt plas pa ka kache m,
Okenn lòt non p ap delivre m,
Moun ki chwazi lòt direksyon,
Soufri, peri san jwenn padon.
3.
Men lè tout bagay vle sonbre
Mwen gade Jezi mwen kanpe.
Lè kouraj mwen ta vle febli
Mwen jwenn sekou nan prezans li
4.
Malgre lanmò gen pou vini
Sa pa vle di lavi m fini,
Avèk Jezi pa gen lanmò
Se fèmen je louvri l lòt bò.