← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

65. Mwen sonje byen ki jou li te delivre m

1. Mwen sonje byen ki jou li te delivre m, E mwen konnen mwen fini avèk peche, Paske mwen jwenn delivrans E kè mwen fin asire Mwen sove nan peche pou toujou. Kè Delivre! Delivre! Wi mwen sove nan peche pou toujou! (2 liy, 2 fwa) 2. Mwen sonje byen kijan kè m te boulvèse, E ki tristès te fè nanm mwen an dèy. Lè je mwen wè Jezikri, E kè mwen louvri ba li; Tout chenn mwen yo tonbe pou toujou. 3. Mwen sonje byen ke sa pa t fèt fasil, E mwen te reziste ak Jezi anpil, Li pa t vin pou kondane, E li pran pasyans avè m Jouk yon jou, m oblije wè limyè. 4. E se poutèt sa m ap chante pou Jezi, Mwen santim byen E nanm mwen gen yon frechè Mwen pa ka pe, fò m chante, Mwen vle mouri ap chante: Alelouya! M delivre pou toujou.