68. Bondye nan Syèl la di : Ban mwen kè ou
1.
Bondye nan Syèl la di : « Ban mwen kè ou »
Pa gen lòt kado pi bon pase sa,
Dousman li rele ou kote ou ye;
Mete konfyans nan mwen, ban mwen kè ou.
Kè
Ban mwen kè ou, (2 fwa)
L ap di ou tou dousman, kote ou ye ;
Nan lemonn tenèb li vle wete ou.
Tou dousman l ap di ou:
Ban mwen kè ou.
2.
Jezi, Sovè nou di : Ban mwen kè ou
Nan mizerikòd li l ap ensiste;
« Kite peche ou ak tout move zèv,
Mwen te mouri pou ou, ban mwen kè ou ».
3.
Lespri di, byen dousman : Ban mwen kè ou,
Tout sa ou genyen ban m kenbe l pou ou,
Mwen gen anpil gras pou ba ou chak jou,
Konsakre tout bagay, ban mwen kè ou.