← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

70. Onore pwisans non Jezi

1. Onore pwisans non Jezi, Tout anj dwe fas atè. Pote vini kouwòn pi sen E kouwone li Senyè. Pote vini kouwòn pi sen E kouwone li Senyè. 2. Pèp chwazi nan ras Izrayèl, Nou menm Bondye rachte Ba li glwa, li ki ban nou Syèl E kouwone li Senyè. Ba li glwa, li ki ban nou Syèl E kouwone li Senyè. 3. Se pou tout moun nan chak nasyon Ki rete sou latè, Ba li lonè kòm pi gan Chèf E kouwone li Senyè. Ba li lonè kòm pi gan Chèf E kouwone li Senyè. 4. An nou ini nou ak zanj yo K ap adore nan syèl, N a chante yon kantik nouvo E kouwone li Senyè. N a chante yon kantik nouvo E kouwone li Senyè.