← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

73. Kè nou pa bezwen twouble plis

1. Kè nou pa bezwen twouble plis, Bondye ban nou lapè nan Kris. Se sèlman pou nou kwè Bondye, Ak Jezikri, sèl verite. 2. Lafwa nan li, se yon remèd; Li chanje menm twoub ki pi rèd! Tout moun ki gen anpil lafwa, lapenn yo va tounen lajwa. 3. Gen anpil moun ki pè lanmò; Yo krenn sa k ap tann yo lòt bò! Jezikri di nan kay Papa l, Li va prepare plizyè sal. 4. Se te pou tout disip li yo, Li te pale pawòl sa yo. Li vle pou tout disip li yo Al abite kote l anwo. 5. Se Jezi, sèl chemen, laverite, Ki te pwomèt l ap bay lapè; Sa li ban nou, se pou toutan; San krent ni twoub, kè nou kontan.