← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

74. Ala yon zanmi se Jezi

1. Ala yon zanmi se Jezi ! Tout peche nou se chaj li. Ala yon byenfè pou pote Penn ba li nan lapriyè! Konbyen fwa lapè nou pèdi, Konbyen chagren nou sibi; Pouki ? Paske nou pa pote Tout ba li nan lapriyè. 2. Si gen tantasyon ak touman, Ou traka nenpòt kouman, Nou pa pou janm dekouraje: Jezi la nan lapriyè Kilès zanmi ki si fidèl, Ki fè nanm bliye doulè l ? Jezi konnen sa feblès ye: Jwenn ak li nan lapriyè. 3. Nou santi n fèb ? Nou pa kapab ? Kilès flo n ape pase ? Sovè a di li responsab: Jwenn ak li nan lapriyè. Si zanmi ou yo bliye ou, Di Kris sa, l ap tande ou. L ape tann ou bra li louvri. Jezi vle ba ou lavi.