75. Nan bonte li Jezi vini
1.
Nan bonte li Jezi vini
Pou rachte mwen nan gras li;
Nan bafon peche ak lawont
Konpasyon l leve mwen.
Kè
Nan tè danje li soutni mwen,
Ak men byen dous li leve mwen
Sot nan fènwa, vin nan limyè
M ap adore l, li leve mwen.
2
Depi lontan li rele mwen,
Avan menm mwen te repanti.
Men lè m te kwè nan pawòl li
Padon li leve mwen.
3.
Anpil pikan te pèse fwon l,
De klou tèrib te pèse men l;
Men lè m abandone peche
Lanmou li leve mwen.
4.
Kounye a menm, anlè, byen wo
Nanm mwen ape jwi yon repo.
Kijan? Pouki? Mwen pa konnen
Kòman li leve mwen.