← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

78. Lemonn antye pèdi nan tenèb peche

1. Lemonn antye pèdi nan tenèb peche Sèl limyè lemonn se Jezi! Kon solèy midi Levanjil la briye; Sèl limyè lemonn se Jezi! Kè Vin jwenn Jezi, l a ba ou limyè; Limyè a dous, li bèl se Jezi! Mwen te avèg, kounye a mwen wè. Sèl limyè lemonn se Jezi! 2. Moun ki gen Jezi nan kè yo, gen limyè; Sèl limyè lemonn se Jezi! Si ou swiv Jezi chak jou, w a gen limyè; Sèl limyè lemonn se Jezi! 3. Moun k ape viv nan peche, yo nan tenèb; Sèl limyè lemonn se Jezi! Pa konte sou tradisyon yo, sa twò fèb; Sèl limyè lemonn se Jezi! 4. Sèl limyè ki va nan Syèl la, se Jezi; Sèl limyè lemonn se Jezi! Limyè n a gen nan vil lò a se Jezi; Sèl limyè lemonn se Jezi.