← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

80. Jezi rele n nan tout moman

1. Jezi rele n nan tout moman Lavi nou ki kou tanpèt, Chak jou nou tande bèl vwa li, Li di: o kretyen, swiv mwen! 2. Lè apòt yo te konn tande l Bò lamè Galile a, Yo te kite kay ak zanmi, Tout bagay poutèt non li. 3. Jezi rele n pou nou kite Lemonn ak tout vanite, Tout zidòl avèk tout malis, Li di: kretyen, renmen m plis. 4. Nan lajwa ak nan gran tristès, Lè nou jennen ou alèz, Nenpòt lè, e nan nenpòt wout Li di m: renmen m an premye 5. Jezi rele n ! nan pitye ou, Sovè, fè n tande vwa ou; Ban nou kè ki obeyisan Pou sèvi, renmen toutan.