← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

9. Nanpwen lanmò, kretyen yo pa ka pèdi

1. Nanpwen lanmò, kretyen yo pa ka pèdi Pawòl Kris asire delivrans mwen. Mwen te pèdi, kounye a mwen sove, Wi, mwen sove gras a Kris, Sovè mwen. Kè Nanpwen lanmò, se laglwa. Alelouya! Se nan plas mwen Jezikri te soufri Li te pran plas mwen pou mwen kapab sove E li te sove mwen ak tout gras li. 2. Nanpwen lanmò! peche mwen yo padone Mwen asire puiske Jezi mouri Fòs satan ki te donte mwen fi n kraze Jezi vivan l ap kenbe m avèk li. 3. Nanpwen lanmò, paske lè kò m va mouri, Nanm mwen ape monte toudwat nan syèl; Ak tout frè yo m a rete nan prezans li, Mwen konfye m nan li, sovè etènèl.