82. Koute! Zanj yo ap chante
1.
Koute! Zanj yo ap chante,
Glwa a pou Jezi, ki vin fèt ;
Se lapè e se lajwa,
Moun va sove pa lafwa.
Vini tout moun, chante tou,
Zanj yo ap chante ak nou.
Jezi fèt nan Bètleyèm,
Li se pitit Bondye menm!
Kè
Koute Zanj yo k ap chante,
Glwa pou Jezi, ki vin fèt.
2.
Nan Syèl la yo adore l,
Li se Kris, li etènèl ;
Men lè lè a te rive
Li te vini kou Sovè.
Gade Bondye nan lachè!
Adore li sou latè.
Sa se bagay ki pi bèl
Jezi se Emanyèl.
Kè
Koute Zanj yo k ap chante,
Glwa pou Jezi, ki vin fèt.
3.
Li te kite tout glwa li,
Li te vini pou mouri,
Pou nou fèt yon dezyèm fwa,
Pou nou antre nan laglwa.
Nou pwostène devan li
Ki sous jistis ak lavi.
Glwa, onè, louwanj, viktwa,
Ba li tout, se li ki Wa.
Kè
Koute Zanj yo k ap chante,
Glwa pou Jezi, ki vin fèt.