← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

83. Zanj ap chante anlè

1. Zanj ap chante anlè; Men bèl zetwal nan syèl; Gen pitit pou nou wè, Jezi Emanyèl. Kite mouton yo la, Vini wè mèvèy sa a, Yon krèch nan Bètleyèm Resevwa Wa tout wa a. 2. Menm zetwal nan lajwa Pou mèvèy ki fèt la; Paske Pitit vyèj la Se Senyè tout latè. Maj, kite peyi ou Vini wè mèvèy sa a, Yon krèch nan Bètleyèm Resevwa Wa tout wa a. 3. Ti Pitit ki kouche Nan limyè zetwal la, Se Pitit letènèl, Se pou li tout laglwa. Nou tout zanj nan Syèl la Vini wè mèvèy sa a, Yon krèch nan Bètleyèm Resevwa Wa tout wa a. 4. Tout moun ki nan fènwa, Yo tout anba malè, Se pou nou bèl chan sa a, Bondye ban nou limyè. Kouri vin jwenn Jezi, Se li menm ki Sovè; Pitit sa a nan krèch la Se Jezi, Redanmtè.