← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

84. M ap viv pou Jezi yon vi ki sensè

1. M ap viv pou Jezi yon vi ki sensè, Yon vi plen obeyisans ak tout kè; M ap fè tout efò pou fè li plezi, Konsa l a toujou beni m nan lavi. Kè Jezi, Senyè ak Sovè m, Mwen ba ou tout lavi m, Paske sou lakwa Kalvè, Se pou mwen ou mouri. Se Ou menm sèl ki Mèt mwen. Pran kè m kon twòn pa ou; M ap bay lavi mwen pou m sèvi Ou menm, Kris, pou toujou. 2. M ap viv pou Jezi ki wete peche m; Li mouri sou kwa pou l te ka sove m. Amou sa a oblije m koute vwa li; M a ba l sa m genyen, e m ap swiv li. 3. M ap viv pou Jezi tout kote m pase; M ap fè tout sa m fè pou laglwa Bondye. Mwen prèt pou soufri afliksyon ou pèd, Malgre tout zeprèv mwen pa p janm regrèt. 4. M ap viv pou Jezi ti tan lavi sa a, Pi gran trezò mwen se souri Mèt la. Travay mwen se chèche pechè pèdi, Fè moun ki bouke jwenn repo nan li.