86. Pi bon zanmi m se Jezi
1.
Pi bon zanmi m se Jezi,
Lanmou li gran, si vre;
Li pap janm abandone m
Nan tout sa m ape fè.
Lè mwen fè l lapenn nan vi m;
Li toujou bon pou mwen ;
Lè m repanti, li padone m;
Alò mwen gen lapè.
Kè
Pi bon zanmi mwen sou latè se Jezi
Pi bon zanmi mwen sou latè se Jezi
Li lave peche m, l ap mennen m nan syèl
Amou Jezi si bèl.
2.
Pafwa syèl mwen plen ak nyaj
Tout chemen mwen fènwa,
Fas li kache ak lonbraj
Lè mwen pa gen lafwa.
Nan lanmou, li priye pou mwen,
Kè mwen vin soulaje
Paske li wete tout chagren;
Tout lapenn mwen ale.
3.
Mwen vle chante amou li,
Amou Jezi pou mwen,
Bonte l ak fidelite l,
Pou yon pechè kon mwen.
Kijan m kapab di li mèsi
Pou amou l anvè mwen?
Se pou m renmen e sèvi li,
Chak jou, swiv li pre.