87. Mwen kontan Jodi a gen solèy nan kè m
1.
Mwen kontan Jodi a gen solèy nan kè m;
Tout krent ak dout yo pase;
Jezi di konsa: Nenpòt moun ki vle
Ka jwenn mwen pou sove l.
Kè
Nan Jan 3:16 « nenpòt » vle di mwen,
« nenpòt » vle di mwen,
M ap mete non mwen la.
Nan Jan 3:16 « nenpòt » vle di mwen
Mwen ladan! Alelouya!
2.
Mwen kontan jodi a, gen espwa nan kè m;
Se Jezi mwen vle bay glwa,
Paske li ban m laviktwa sou peche ;
Nan kè m li se sèl Wa.
3.
Lanmou li mèveye ; Gras li mèveye!
Pou mwen Jezi te mouri.
Mwen te renmen lemonn, mwen te pèdi nèt
Jouk tan li te fè m vin lib.