89. Mwen t ap neye nan peche
1.
Mwen t ap neye nan peche
Byen lwen lapè Bondye;
Nanm mwen ki te plen peche
T’ap plonje san rete.
Jezi ki t ape veye m
Lè li tande rèl mwen
Li vini touswit ede m,
Li sove mwen.
Kè
Jezi sove m ! Jezi sove m !
Lè mwen te san sekou, Jezi sove m !
Jezi sove m ! Jezi sove m !
Lè mwen te san sekou, Jezi sove m !
2.
Wi, tout kè m mwen vle ba li,
Pou m toujou avèk li,
Pou mwen viv nan prezans li,
Pou m chante louwanj li.
Lanmou li si bon, si gran!
Li merite tout vi m,
Pou mwen sèvi li toutan
Map bay tout vi m.
3.
Moun ki nan peche chèche l,
Jezi vle sove ou;
Pou l pote, avèk lanmou
Tout fado ki twò lou.
L a sove ou nan tanpèt,
L a kache ou toujou,
Fòtifye ou nan dizèt,
L a sove ou.