← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

90. Kite lemonn byen lwen ou

1. Kite lemonn byen lwen ou Vini, vini avèk nou; N ap fè yon nouvo pa chak jou, (2 fwa) Pou Siyon, patri nou. (2 fwa) Kè N ap fè wout pou Siyon, Bèl Siyon, peyi Sovè nou! Kretyen, annavan pou Siyon, Se bèl, se bèl peyi nou. 2. Nan Syèl la, bèl mizik la, Avèk bèl kantik yo tou, K ape kondwi lame Syèl la, (2 fwa) Va rejwi n tou, yon jou. (2 fwa) 3. Pou ranpòte laviktwa, Se pou nou swiv Jezikri; Chak sòlda gen pou resevwa, (2 fwa) Laglwa lè l fin soufri. (2 fwa) 4. Jezikri, Redanmtè a Enstale sou gran twòn li L ape renye nan tout syèl la (2 fwa) Ak kouwòn sou tèt li (2 fwa)