← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

91. Jezi mande ou briye pou li kote ou ye

1. Jezi mande ou briye pou li kote ou ye, Tout Kretyen, bay limyè toupatou; Briye nan fanmi ou, nan travay, kote ou ye; Briye pou Jezi kote ou ye. Kè Briye pou Jezi kote ou ye, (2 fwa) Limyè ou ka ede yon nanm Pèdi jwenn Jezi; Briye pou Jezi kote ou ye. 2. Menm lè syèl la nwa, menm lè Chemen an pa twò klè, Se lè sa pou limyè ou briye. Pou briye, Jezi te lese ou menm sou latè; Briye pou Jezi kote ou ye. 3. Se yon gran gras Bondye Fè ou vini yon limyè Lè peche, tenèb antoure ou, Leve limyè a byen wo Pou l ka klere tout kè; Briye pou Jezi kote ou ye. 4. Si ou vle briye yon jou ak Jezi nan Syèl la, Limyè ou dwe limen sou latè; Paske Bondye plase nou kòm limyè isiba; Briye pou Jezi kote ou ye.