← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

100. Lè Jezi mouri sou Kalvè

1. Lè Jezi mouri sou Kalvè, Lè Kris mouri se te pou mwen. Mwen mande m èske m a konnen Konbyen mwen dwe, konbyen mwen dwe? Kè Konbyen mwen dwe, lanmou san fen? Konbyen mwen dwe, si Kris pou mwen? Mwen konnen sa li fè pou mwen; Mwen pa ka di konbyen mwen dwe. 2. Sovè mwen nan Jetsemani, Te pase pi gran agoni. Se pou mwen soufrans sa a te ye, Kòman pou m di konbyen mwen dwe? 3. Se te lanmou li gen pou mwen Ki fè l soufri yon mò wonte. Lè tout san kò li te koule, Li sove mwen, konbyen mwen dwe ! 4. Lè m a rive nan Syèl la tou, Rete avèk li pou toujou, Mwen mèt pale dimil ane; Mwen p ap fin di konbyen mwen dwe.